Rob Consalvo - Creole
Print

Language – Creole

Rob Consalvo reprezante Distrik 5 nan Lachanm Minisipal vil Boston an. Distrik 5 la gen ladann Hyde Park, Readville, Roslindale, ak Mattapan. Se youn gro onè pou Rob Consalvo pou li sèvi distrik sa a ak distenksyon depi lè li te eli pou premye fwa an jen 2002.

Nan Lachanm Minisipal vil Boston an, Rob konsantre nan reanfòse inisyativ pou bay vil la plis sekirite. Li apiye moute lajan nan bidjè vil la pou mete plis polis nan lari. Rob entwodi youn nouvo teknoloji ki pou detekte bri bal nan vil la ki rele Shotspotter. Premye lwa Rob pase nan Lachanm rele John’s Law, youn lwa ki anpeche chofè ki sou pran lari ankò nan katye nou yo.

Lot Bagay Rob Consalvo Akonpli

  • Rezonaj nan Roslindale
  • Prezève plas piblik nan Roslindale ak Mattapan
  • Bati kay nan tout vil la pou moun ki gen salè ba
  • Kolabore ak paran, moun k ap travay nan lekòl ak moun k ap lite pou lekol bay pi bon sèvis pou pote yon model K-8 nan Roosevelt School nan Hyde Park ak Readville. Model sa a ap komanse nan ane lekòl 2008 la.
  • Pran devan pou chanje lwa ki pèmèt yo bay chen mechan lisans.
  • Lite pou devlope teknik bati kay ki pa afekte anvironman an
  • Ekri taks soulajman pwogram pou granmoun

Rob rete nan Boston depi li fèt epi li toujou ap panse kijan pou Boston vin yon pi bon kote pou moun viv, travay, leve yon fanmi. Depi li lan Chanm Minisipal la, Rob toujou ap goumen pou plis lajan pou sipòte pwogram pou jen yo, pou rebati sant kominotè nan Roslindale ak Hyde Park ak ti plas nan Orlando Street kote ti bebe jwe nan Almont Park nan Mattapan.

Join Our Email List: